Lè pouvwa kwoke nan gòj prezidan, sa mande gwo operasyon

6 Janvye 2021—GRENN PWONMENNEN

  • Lè pouvwa kwoke nan gòj prezidan, sa mande gwo operasyon

Depi m fèt, mwen pa janm konnen youn lane osi mechan tantou Lane 2020 an. Men Lane 2021 an pèse sou nou ak lòt pwoblèm alapapòt. Wi, mezanmi, se gwo problèm lè pouvwa kwoke nan gòj prezidan. Se pa sèlman ann Ayiti non, menm nan gwo peyi kote yo di gen demokrasi se menm kout baton an. Men, an definitif, operasyon toujou fèt anvan prezidan trangle jouk l al nan peyi san chapo san z atann. Mwen pral detaye pou nou.

Gade sa k ap pase la a nan Wachintonn jodi mèkredi, 6 janvye sa a. Se jamè vi nan peyi isit, pou prezidan ki pèdi eleksyon fè e defè pou l chavire tout bagay, rale tout fisèl pou l defè volonte pèp la ki di “Sètase, fò w ale!” Vwala ke li pèdi devan lòt la ak plis pase 7 milyon vòt (81 milyon kont 74 milyon), li pèdi nan Kolèj Elektoral, (306 kont 232), li pèdi nan anviwon 50 tribinal lokal, li monte Lakou Siprèm, pi gwo tribinal nan peyi a, kote li gen majorite jij yo, piske se li ki re gentan nomen 3 pami 9 yo, ki vin ba li 6 anfavè l. La tou yo voye avaoka l yo al chita nan youn kwen. Samdi pase a, 2 Janvye, yo kenbe msye nan men kote l ap rele Sekretè eta Georgia pou l mande l rekonte chif yo pou ba li 11 780, youn vòt sw plis sou Joe Biden pou l ka gen eta Georgia a. Vrèman, Donald Trump depase lè bòn.

Vwala ke jodi a menm, pandan w ap li atik sa a, msye konprann li ka fè Kongrè a, kivedi Senatè ak Despite Repibliken ki reyini pou apwouve sa Kolèj Elektoral la fin bay la, anile eleksyon 3 Novanm nan pou yo deklare se li menm ki genyen. Sa tèlman rèd pou li, sanble tèt la pati. M pa vle di foli pran l, paske sa twò fò pou m ta di youn bagay konsa. Men mezanmi, di m sa nou vle se sèl mounn ki pa byen nan tèt ki pou aji konsa. Enben, se sa k pase lè pouvwa kwoke nan gòj prezidan, nenpòt ki prezidan.

Men nou pa bezwen bat kò nou, sa pral regle anvan nou fin li journal la, Doktè, ak enfimyè déjà pare. Operasyon pral fèt plop-plop, epi yo ka menm entène malad la jiskaske sante nòmal li retounen. Asireman, nou p ap jwenn okenn envitasyon pou n al nan lantèman. Ann kite sa.

Kòm yo di pawòl la, “Zwazo menm plimaj vole ansanm!” Vwala ke bò lakay, se menm penpenp lan. Gen youn “prezidan-pouvwa-kwoke-nan-gòj” nan Pòtoprens lan. Youn prezidan ki gen non “Prezidan Chann Mas” paske yo ba l pinga, yo di l: “Men kwa manman w, men kwa papa w, si w kapab vin pile l. Nou mete w andefi met pye Gonayiv”. L oblije koute, li kache nan Palè a sou Chann Mas la, epi granm ti maten lè mounn panko pran lari, li kouri fè youn pase nan MUPANAH al depoze youn bouke flè pou Desalin (Dessalines) ak zansèt yo. Epi se pa premye fwa sa rive non. Li gen konbyen lane li pa ka met pye swa Gonayiv, swa Machan Desalin, Vètyè, osnon la a menm, piwo pòtay Sen Jozèf la, nan Pon Wouj, jan li sanse fè sa nan dat Premye Janvye, 17 Oktòb ak 18 Novanm. Epi w ap di “Je suis le Président de la République!”

Wi, Prezidan Repiblik Chann Mas, menm si se pa tout tan, paske ou pa janm konnen kote move grenn ap soti vin enfiltre yo sou Chann Mas la. Gade kijan, byen souvan, se sou Chann Mas la “bandi legal” yo vin lage mounn yo kidnape apre yo fin touche kòb yo te mande pou yo a.

Kidonk, menm Chann Mas la pa sou kontwòl li. Amwens ke l admèt sa y ap di deyò a se laverite, li menm ak “bandi legal” yo se Kòkòt ak Figawo!

O wi, rive 7 Fevriye a, li p ap fè “youn pa Kita, youn pa Nago”. Byen konte, se 5 semèn, egzakteman 39 jou ki rete pou l ranmase tout zefè l. Pinga l kite pouvwa ki kwoke nan gòj li a trangle l, paske jan pawòl la di, “Larivyè avèti pa touye kokobe”. Pinga l konprann li pral di Konstisyon an “Ale w lan . . . Mwen pa kwè nan vye Konstitisyon ki lakòz tout pwoblèm nou gen nan peyi a”. Atansyon, se pa mwen ki di nou, se pawòl ki soti nan pwòp bouch li. Se poutèt sa l di fòk li prepare bonjan Konstitisyon pa l. Kòmsi se li ki pral rezoud tout pwoblèm yo, pandan ke l sot chita la sou Chann Mas la diran 4 lane san l pa menm fè youn latrin. Se pa mwen ki di, se sa m fèk li semèn pase a.

Enben “Monsieur le Président de la République”, ou te monte opouvwa anba Konstitisyon

1987, amande a, ki di fòk ou kite pouvwa a sou 5èm ane ke w te eli a. Li pa di apre w pase 5 an opouvwa. Menm ansyen patwon w nan te konprann sa. Ou sonje kilès? Sa k te vin chache w nan jaden bannann nan pou w te vin chofe chèz la pou li a, Michèl Jozèf Mateli (Michel Joseph Martelly), premye “Bandi Legal” la. Msye te soti pou l f te wondonmon tou lè 7 fevriye 2016 te rive. Men l t’oblije bat dèyè l, li pa t ka rete jouk 14 Me, paske se nan dat sa a, nan lane 2011, li te prete sèman. Alò, ou pa ka bliye se anba menm Konstitisyon sa a ou te prete sèman epi w te di “Ma p respekte, fè mounn respekte, e defann Konstitisyon an”. Atò ou pa ka vin pran pòz trèt ou avèk Konstitisyon an, paske pouvwa kwoke nan gòj ou. Si w pa vle mouri mò trangle sou pouvwa, m ap ba w youn ti konsèy: Ranmase tout zagribay ou, mare pakèt ou bonnè, pou twò ta pa bare w.

Paske gen move siyal ki bay e nou pa ta bezwen rive jouk la. Nou pa ka bliye pwovèb la ki

di.”Kout fizi tire, pa gen aranjman!” Asireman, menm pandan li prizonnye anndan Palè a sou Chann Mas la, nouvèl yo rive jwenn ni, sitou lè se pwòp pitit gason l, ki manke pèdi lavi l.

Nouvèl la blayi sou tout rezo sosyo.

Jan bagay la pati, nan vandredi, Premye Janvye, 2 ajan USGPN, tonbe anba rafal bal nan zòn Basen Ble (Bassin Bleu) an sòtan Pòdpe pou al Pòtoprens. Bal frape machin Jovlen Moyiz (Jovelin Moïse), premye pitit gason prezidan an. Men anyen pa rive l, paske machin ni an te blende, kivedi gwo kout zam pa ka fè l anyen. Men se 2 ajan Polis espesyal Palè ki pèdi lavi yo.

La tou Ayisyen gentan di se bay yo bay 2 ajan yo. Lè m mande kilès ki ka fè sa, yo kouri di m pa bliye Matin (Martine), Madan Prezidan an, fò nan kesyon sa yo. Wi, kesyon maji, bagay li te byen aprann nan men defen manman l ki pa t youn ti fanm layk dis layk dat. Epi se li menm tou ki te montre mari l video ansasinay Mèt Monferye Dòval la (Monferrier Dorval), sèlman 5 minit apre zak la. Se pa mwen ki di non, se JoMo ki di sa ak pwòp bouch li.

Toujou sou kesyon “fizi tire, pa gen aranjman an”, nan samdi, 2 Janvye, nan zòn Kanaan (Canaan), komin Kwadèboukè (Croix des Bouquets), zam chante mezi kont yo. Selon rapò Lapolis, gen 3 swa-dizan Nèg abiye tankou solda Lame Dayiti ki tonbe anba bal e plizyè lòt blese. Selon sa k di, mesye sa yo, ki an rebelyon depi nan dat 13 desanm, paske yo gen konbyen mwa yo pa touche, fè pati youn gwoup ame ke prezian an menm te òganize ki rele “Brigade de Sécurité des Aires Protégées” (BSAP), kòmsi Ayiti vrèman enterese pou pwoteje zòn k ap fin deperi nan koupe pye bwa.

Enben, mesye sa yo ki t ap opere plis nan zòn Nò peyi a, te desann vin toupre Kwadèboukè, sou Wout Nasyonal Nimewo 1 an, depi nan mitan semèn pase a. Yo t ap fè egzaksyon, entimide sitwayen yo, bare wout la ak gwo kamyon yo te met ankwa sou wout la. Lapolis te vin youn premye fwa, men yo t oblije kouri anba gwo kout zam mesye BSAP yo. Men nan samdi a, plizyè gwoup Polis te vin anfòm epi yo siprann mesye yo, ki sibi youn gwo defèt. Men kòm mwen di nou, “Kout fizi tire . . .” Ēske gen antant positb? Ēske yo ka nan kase fèy kouvri sa?

Nan kout kat la, men Jantèl Jozèf (Jeantel Joseph), ki se Direktè jeneral gwoup BSAP la, kouri fè deklarasyon ke mesye sa yo ki abiye tankou mounn pa l yo pa fè pati òganizsyon BSAP a. Kòm Lapolis di yo kenbe chèf gwoup la, n espere yo pral bay plis detay pi devan ki mounn yo ye.

Ēske se ta pwòp òganizasyon prezidan an t ap monte anba chal, pou ede l fè koudeta l ap prepare pou l kenbe pouvwa a avi, ki kòmanse vire do ba li, ki menm deside pase alaksyon lèzam alamen? Antouka, kout fizi tire! Tank n ap mache sou 7 Fevriye a se tank nou pral tande bagay dwòl nan peyi sa a.

Jan bagay yo ap vire la a, n ap mache byen drèt sou gwo danje pou Nèg lakay k ap kite pouvwa ki kwoke nan gòj li a vin trangle l. Bagay yo gentan ap diskite nan ekip Kongrèsmann demokrat ki pral okipe gwo fonksyon nan Kongrè a nan Wachintonn, apre le 20 Janvye lè Prezidan Joseph “Joe” Biden ak Vis-prezidan Kamala Harris fin prete sèman. Mesye sa yo pale byen klè, yo di ke se ak youn “gouvènman tranzisyon” yo pral mande nouvèl ekip k ap pran manyèt la travay pou vin met demokrasi sou pye ankò nan peyi Dayiti. JoMo pa ka konte ankò sou anbasadè amerikèn nan, Madan Michele Sison, ki di li menm li pa nan okenn tranzisyon. Li menm tou, bra l deja pran nan moulen. Mwem pa ka di plis sou sa.

Lè m di nou bagay yo ap pran youn lòt chimen ann Ayiti, se pa nan banbou m ap soufle non. Ou ta ka menm tande ke aladènyè minit yo kidnape prezidan an. Gade sa k sot pase dimanch pase, 3 Janvye a. Bandi legal, ame jouk nan dan, kidnape Enspektè Polis Wilnè Serafen (Wilner Séraphin), sou Ri Pave, nan mitan Pòtoprens. Gwo chef Polis sa a travay nan Sou-Komisarya Delma 3 a, zòn kote Jimmy Cérizier, Bòs Barbecue, opere. Yo mnde youn milyon dola pou lage l.

Kounnye a ke pouvwa kwoke nan gòj li, prezidan an pral oblije nan kache pou yo pa kidnape l.

Pou mounn k ap di kidnapè yo se mounn pa l, m ap mande yo fè tèt yo travay. Bandi Legal yo pa sòt, yo konnen msye prale e sa pral difisil pou yo fè kòb yo jansadwa lè msye pa la ankò. Kidonk yo ka fè youn kidnapin ki pral ba yo anpil milyon, pa sèlman youn milyon yo mande pou Enspektè Polis la. Se konsa mwen met men nan machwa m, mwen di se vre Ayiti ka youn ti peyi, men se youn ti peyi ki chaje ak sipriz, ki bat anpil lòt gwo peyi, sitou nan fè sa ki mal. Gade kijan sa ap fini mal pou Nèg ki mare lonbrik yo nan pouvwa!

TiRenm nan GRENN PWONMENNEN, 6 Janvye 2021


Cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur (New York) VOL. LI No. 1, édition du 6 janvier 2021, et se trouve en P. 6 à : http://haiti-observateur.org/wp-content/uploads/2021/01/H-O-6-jan-2021.pdf