{"id":5121,"date":"2021-01-06T05:14:36","date_gmt":"2021-01-06T10:14:36","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.org\/?p=5121"},"modified":"2021-01-08T05:18:56","modified_gmt":"2021-01-08T10:18:56","slug":"le-pouvwa-kwoke-nan-goj-prezidan-sa-mande-gwo-operasyon","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/haiti-observateur.org\/?p=5121","title":{"rendered":"L\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan, sa mande gwo operasyon"},"content":{"rendered":"<p><strong>6 Janvye 2021\u2014GRENN PWONMENNEN<\/strong><\/p>\n<ul>\n<li><strong>L\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan, sa mande gwo operasyon<\/strong><\/li>\n<\/ul>\n<p>Depi m f\u00e8t, mwen pa janm konnen youn lane osi mechan tantou Lane 2020 an. Men Lane 2021 an p\u00e8se sou nou ak l\u00f2t pwobl\u00e8m alapap\u00f2t. Wi, mezanmi, se gwo probl\u00e8m l\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan. Se pa s\u00e8lman ann Ayiti non, menm nan gwo peyi kote yo di gen demokrasi se menm kout baton an. Men, an definitif, operasyon toujou f\u00e8t anvan prezidan trangle jouk l al nan peyi san chapo san z atann. Mwen pral detaye pou nou.<\/p>\n<p>Gade sa k ap pase la a nan Wachintonn jodi m\u00e8kredi, 6 janvye sa a. Se jam\u00e8 vi nan peyi isit, pou prezidan ki p\u00e8di eleksyon f\u00e8 e def\u00e8 pou l chavire tout bagay, rale tout fis\u00e8l pou l def\u00e8 volonte p\u00e8p la ki di \u201cS\u00e8tase, f\u00f2 w ale!\u201d Vwala ke li p\u00e8di devan l\u00f2t la ak plis pase 7 milyon v\u00f2t (81 milyon kont 74 milyon), li p\u00e8di nan Kol\u00e8j Elektoral, (306 kont 232), li p\u00e8di nan anviwon 50 tribinal lokal, li monte Lakou Sipr\u00e8m, pi gwo tribinal nan peyi a, kote li gen majorite jij yo, piske se li ki re gentan nomen 3 pami 9 yo, ki vin ba li 6 anfav\u00e8 l. La tou yo voye avaoka l yo al chita nan youn kwen. Samdi pase a, 2 Janvye, yo kenbe msye nan men kote l ap rele Sekret\u00e8 eta Georgia pou l mande l rekonte chif yo pou ba li 11 780, youn v\u00f2t sw plis sou Joe Biden pou l ka gen eta Georgia a. Vr\u00e8man, Donald Trump depase l\u00e8 b\u00f2n.<\/p>\n<p>Vwala ke jodi a menm, pandan w ap li atik sa a, msye konprann li ka f\u00e8 Kongr\u00e8 a, kivedi Senat\u00e8 ak Despite Repibliken ki reyini pou apwouve sa Kol\u00e8j Elektoral la fin bay la, anile eleksyon 3 Novanm nan pou yo deklare se li menm ki genyen. Sa t\u00e8lman r\u00e8d pou li, sanble t\u00e8t la pati. M pa vle di foli pran l, paske sa tw\u00f2 f\u00f2 pou m ta di youn bagay konsa. Men mezanmi, di m sa nou vle se s\u00e8l mounn ki pa byen nan t\u00e8t ki pou aji konsa. Enben, se sa k pase l\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan, nenp\u00f2t ki prezidan.<\/p>\n<p>Men nou pa bezwen bat k\u00f2 nou, sa pral regle anvan nou fin li journal la, Dokt\u00e8, ak enfimy\u00e8 d\u00e9j\u00e0 pare. Operasyon pral f\u00e8t plop-plop, epi yo ka menm ent\u00e8ne malad la jiskaske sante n\u00f2mal li retounen. Asireman, nou p ap jwenn okenn envitasyon pou n al nan lant\u00e8man. Ann kite sa.<\/p>\n<p>K\u00f2m yo di paw\u00f2l la, \u201cZwazo menm plimaj vole ansanm!\u201d Vwala ke b\u00f2 lakay, se menm penpenp lan. Gen youn \u201cprezidan-pouvwa-kwoke-nan-g\u00f2j\u201d nan P\u00f2toprens lan. Youn prezidan ki gen non \u201cPrezidan Chann Mas\u201d paske yo ba l pinga, yo di l: \u201cMen kwa manman w, men kwa papa w, si w kapab vin pile l. Nou mete w andefi met pye Gonayiv\u201d. L oblije koute, li kache nan Pal\u00e8 a sou Chann Mas la, epi granm ti maten l\u00e8 mounn panko pran lari, li kouri f\u00e8 youn pase nan MUPANAH al depoze youn bouke fl\u00e8 pou Desalin (Dessalines) ak zans\u00e8t yo. Epi se pa premye fwa sa rive non. Li gen konbyen lane li pa ka met pye swa Gonayiv, swa Machan Desalin, V\u00e8ty\u00e8, osnon la a menm, piwo p\u00f2tay Sen Joz\u00e8f la, nan Pon Wouj, jan li sanse f\u00e8 sa nan dat Premye Janvye, 17 Okt\u00f2b ak 18 Novanm. Epi w ap di \u201cJe suis le Pr\u00e9sident de la R\u00e9publique!\u201d<\/p>\n<p>Wi, Prezidan Repiblik Chann Mas, menm si se pa tout tan, paske ou pa janm konnen kote move grenn ap soti vin enfiltre yo sou Chann Mas la. Gade kijan, byen souvan, se sou Chann Mas la \u201cbandi legal\u201d yo vin lage mounn yo kidnape apre yo fin touche k\u00f2b yo te mande pou yo a.<\/p>\n<p>Kidonk, menm Chann Mas la pa sou kontw\u00f2l li. Amwens ke l adm\u00e8t sa y ap di dey\u00f2 a se laverite, li menm ak \u201cbandi legal\u201d yo se K\u00f2k\u00f2t ak Figawo!<\/p>\n<p>O wi, rive 7 Fevriye a, li p ap f\u00e8 \u201cyoun pa Kita, youn pa Nago\u201d. Byen konte, se 5 sem\u00e8n, egzakteman 39 jou ki rete pou l ranmase tout zef\u00e8 l. Pinga l kite pouvwa ki kwoke nan g\u00f2j li a trangle l, paske jan paw\u00f2l la di, \u201cLarivy\u00e8 av\u00e8ti pa touye kokobe\u201d. Pinga l konprann li pral di Konstisyon an \u201cAle w lan . . . Mwen pa kw\u00e8 nan vye Konstitisyon ki lak\u00f2z tout pwobl\u00e8m nou gen nan peyi a\u201d. Atansyon, se pa mwen ki di nou, se paw\u00f2l ki soti nan pw\u00f2p bouch li. Se pout\u00e8t sa l di f\u00f2k li prepare bonjan Konstitisyon pa l. K\u00f2msi se li ki pral rezoud tout pwobl\u00e8m yo, pandan ke l sot chita la sou Chann Mas la diran 4 lane san l pa menm f\u00e8 youn latrin. Se pa mwen ki di, se sa m f\u00e8k li sem\u00e8n pase a.<\/p>\n<p>Enben \u201cMonsieur le Pr\u00e9sident de la R\u00e9publique\u201d, ou te monte opouvwa anba Konstitisyon<\/p>\n<p>1987, amande a, ki di f\u00f2k ou kite pouvwa a sou 5\u00e8m ane ke w te eli a. Li pa di apre w pase 5 an opouvwa. Menm ansyen patwon w nan te konprann sa. Ou sonje kil\u00e8s? Sa k te vin chache w nan jaden bannann nan pou w te vin chofe ch\u00e8z la pou li a, Mich\u00e8l Joz\u00e8f Mateli (Michel Joseph Martelly), premye \u201cBandi Legal\u201d la. Msye te soti pou l f te wondonmon tou l\u00e8 7 fevriye 2016 te rive. Men l t\u2019oblije bat d\u00e8y\u00e8 l, li pa t ka rete jouk 14 Me, paske se nan dat sa a, nan lane 2011, li te prete s\u00e8man. Al\u00f2, ou pa ka bliye se anba menm Konstitisyon sa a ou te prete s\u00e8man epi w te di \u201cMa p respekte, f\u00e8 mounn respekte, e defann Konstitisyon an\u201d. At\u00f2 ou pa ka vin pran p\u00f2z tr\u00e8t ou av\u00e8k Konstitisyon an, paske pouvwa kwoke nan g\u00f2j ou. Si w pa vle mouri m\u00f2 trangle sou pouvwa, m ap ba w youn ti kons\u00e8y: Ranmase tout zagribay ou, mare pak\u00e8t ou bonn\u00e8, pou tw\u00f2 ta pa bare w.<\/p>\n<p>Paske gen move siyal ki bay e nou pa ta bezwen rive jouk la. Nou pa ka bliye pwov\u00e8b la ki<\/p>\n<p>di.\u201dKout fizi tire, pa gen aranjman!\u201d Asireman, menm pandan li prizonnye anndan Pal\u00e8 a sou Chann Mas la, nouv\u00e8l yo rive jwenn ni, sitou l\u00e8 se pw\u00f2p pitit gason l, ki manke p\u00e8di lavi l.<\/p>\n<p>Nouv\u00e8l la blayi sou tout rezo sosyo.<\/p>\n<p>Jan bagay la pati, nan vandredi, Premye Janvye, 2 ajan USGPN, tonbe anba rafal bal nan z\u00f2n Basen Ble (Bassin Bleu) an s\u00f2tan P\u00f2dpe pou al P\u00f2toprens. Bal frape machin Jovlen Moyiz (Jovelin Mo\u00efse), premye pitit gason prezidan an. Men anyen pa rive l, paske machin ni an te blende, kivedi gwo kout zam pa ka f\u00e8 l anyen. Men se 2 ajan Polis espesyal Pal\u00e8 ki p\u00e8di lavi yo.<\/p>\n<p>La tou Ayisyen gentan di se bay yo bay 2 ajan yo. L\u00e8 m mande kil\u00e8s ki ka f\u00e8 sa, yo kouri di m pa bliye Matin (Martine), Madan Prezidan an, f\u00f2 nan kesyon sa yo. Wi, kesyon maji, bagay li te byen aprann nan men defen manman l ki pa t youn ti fanm layk dis layk dat. Epi se li menm tou ki te montre mari l video ansasinay M\u00e8t Monferye D\u00f2val la (Monferrier Dorval), s\u00e8lman 5 minit apre zak la. Se pa mwen ki di non, se JoMo ki di sa ak pw\u00f2p bouch li.<\/p>\n<p>Toujou sou kesyon \u201cfizi tire, pa gen aranjman an\u201d, nan samdi, 2 Janvye, nan z\u00f2n Kanaan (Canaan), komin Kwad\u00e8bouk\u00e8 (Croix des Bouquets), zam chante mezi kont yo. Selon rap\u00f2 Lapolis, gen 3 swa-dizan N\u00e8g abiye tankou solda Lame Dayiti ki tonbe anba bal e plizy\u00e8 l\u00f2t\u00a0blese. Selon sa k di, mesye sa yo, ki an rebelyon depi nan dat 13 desanm, paske yo gen konbyen mwa yo pa touche, f\u00e8 pati youn gwoup ame ke prezian an menm te \u00f2ganize ki rele \u201cBrigade de S\u00e9curit\u00e9 des Aires Prot\u00e9g\u00e9es\u201d (BSAP), k\u00f2msi Ayiti vr\u00e8man enterese pou pwoteje z\u00f2n k ap fin deperi nan koupe pye bwa.<\/p>\n<p>Enben, mesye sa yo ki t ap opere plis nan z\u00f2n N\u00f2 peyi a, te desann vin toupre Kwad\u00e8bouk\u00e8, sou Wout Nasyonal Nimewo 1 an, depi nan mitan sem\u00e8n pase a. Yo t ap f\u00e8 egzaksyon, entimide sitwayen yo, bare wout la ak gwo kamyon yo te met ankwa sou wout la. Lapolis te vin youn premye fwa, men yo t oblije kouri anba gwo kout zam mesye BSAP yo. Men nan samdi a, plizy\u00e8 gwoup Polis te vin anf\u00f2m epi yo siprann mesye yo, ki sibi youn gwo def\u00e8t. Men k\u00f2m mwen di nou, \u201cKout fizi tire . . .\u201d \u0112ske gen antant positb? \u0112ske yo ka nan kase f\u00e8y kouvri sa?<\/p>\n<p>Nan kout kat la, men Jant\u00e8l Joz\u00e8f (Jeantel Joseph), ki se Direkt\u00e8 jeneral gwoup BSAP la, kouri f\u00e8 deklarasyon ke mesye sa yo ki abiye tankou mounn pa l yo pa f\u00e8 pati \u00f2ganizsyon BSAP a. K\u00f2m Lapolis di yo kenbe ch\u00e8f gwoup la, n espere yo pral bay plis detay pi devan ki mounn yo ye.<\/p>\n<p>\u0112ske se ta pw\u00f2p \u00f2ganizasyon prezidan an t ap monte anba chal, pou ede l f\u00e8 koudeta l ap prepare pou l kenbe pouvwa a avi, ki k\u00f2manse vire do ba li, ki menm deside pase alaksyon l\u00e8zam alamen? Antouka, kout fizi tire! Tank n ap mache sou 7 Fevriye a se tank nou pral tande bagay dw\u00f2l nan peyi sa a.<\/p>\n<p>Jan bagay yo ap vire la a, n ap mache byen dr\u00e8t sou gwo danje pou N\u00e8g lakay k ap kite pouvwa ki kwoke nan g\u00f2j li a vin trangle l. Bagay yo gentan ap diskite nan ekip Kongr\u00e8smann demokrat ki pral okipe gwo fonksyon nan Kongr\u00e8 a nan Wachintonn, apre le 20 Janvye l\u00e8 Prezidan Joseph \u201cJoe\u201d Biden ak Vis-prezidan Kamala Harris fin prete s\u00e8man. Mesye sa yo pale byen kl\u00e8, yo di ke se ak youn \u201cgouv\u00e8nman tranzisyon\u201d yo pral mande nouv\u00e8l ekip k ap pran many\u00e8t la travay pou vin met demokrasi sou pye ank\u00f2 nan peyi Dayiti. JoMo pa ka konte ank\u00f2 sou anbasad\u00e8 amerik\u00e8n nan, Madan Michele Sison, ki di li menm li pa nan okenn tranzisyon. Li menm tou, bra l deja pran nan moulen. Mwem pa ka di plis sou sa.<\/p>\n<p>L\u00e8 m di nou bagay yo ap pran youn l\u00f2t chimen ann Ayiti, se pa nan banbou m ap soufle non. Ou ta ka menm tande ke alad\u00e8ny\u00e8 minit yo kidnape prezidan an. Gade sa k sot pase dimanch pase, 3 Janvye a. Bandi legal, ame jouk nan dan, kidnape Enspekt\u00e8 Polis Wiln\u00e8 Serafen (Wilner S\u00e9raphin), sou Ri Pave, nan mitan P\u00f2toprens. Gwo chef Polis sa a travay nan Sou-Komisarya Delma 3 a, z\u00f2n kote Jimmy C\u00e9rizier, B\u00f2s Barbecue, opere. Yo mnde youn milyon dola pou lage l.<\/p>\n<p>Kounnye a ke pouvwa kwoke nan g\u00f2j li, prezidan an pral oblije nan kache pou yo pa kidnape l.<\/p>\n<p>Pou mounn k ap di kidnap\u00e8 yo se mounn pa l, m ap mande yo f\u00e8 t\u00e8t yo travay. Bandi Legal yo pa s\u00f2t, yo konnen msye prale e sa pral difisil pou yo f\u00e8 k\u00f2b yo jansadwa l\u00e8 msye pa la ank\u00f2. Kidonk yo ka f\u00e8 youn kidnapin ki pral ba yo anpil milyon, pa s\u00e8lman youn milyon yo mande pou Enspekt\u00e8 Polis la. Se konsa mwen met men nan machwa m, mwen di se vre Ayiti ka youn ti peyi, men se youn ti peyi ki chaje ak sipriz, ki bat anpil l\u00f2t gwo peyi, sitou nan f\u00e8 sa ki mal. Gade kijan sa ap fini mal pou N\u00e8g ki mare lonbrik yo nan pouvwa!<\/p>\n<p><strong>TiRenm nan GRENN PWONMENNEN, 6 Janvye 2021<\/strong><\/p>\n<hr \/>\n<p>Cet article est publi\u00e9 par l\u2019hebdomadaire<strong> Ha\u00efti-Observateur (<\/strong>New York) <strong>VOL. LI No. 1, <\/strong>\u00e9dition du 6 janvier 2021<strong>, <\/strong>et se trouve en<strong> P. 6 \u00e0\u00a0: <\/strong><a href=\"http:\/\/haiti-observateur.org\/wp-content\/uploads\/2021\/01\/H-O-6-jan-2021.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.org\/wp-content\/uploads\/2021\/01\/H-O-6-jan-2021.pdf<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>6 Janvye 2021\u2014GRENN PWONMENNEN L\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan, sa mande gwo operasyon Depi m f\u00e8t, mwen pa janm konnen youn lane osi mechan tantou Lane 2020 an. Men Lane 2021 an p\u00e8se sou nou ak l\u00f2t pwobl\u00e8m alapap\u00f2t. Wi, mezanmi, se gwo probl\u00e8m l\u00e8 pouvwa kwoke nan g\u00f2j prezidan. Se pa s\u00e8lman ann Ayiti non, menm nan gwo peyi kote yo di gen demokrasi se menm kout baton an. Men, an definitif, operasyon toujou f\u00e8t anvan prezidan trangle jouk l al nan peyi san chapo san z atann&#8230;. <\/p>\n","protected":false},"author":5,"featured_media":5102,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":[],"categories":[1388,20,23,1],"tags":[139,4217,4212,4218,4214,4215,4213,4216],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/5121"}],"collection":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/5"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=5121"}],"version-history":[{"count":2,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/5121\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":5123,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/5121\/revisions\/5123"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/5102"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=5121"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=5121"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=5121"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}