{"id":1848,"date":"2018-04-14T03:19:47","date_gmt":"2018-04-14T07:19:47","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-observateur.ca\/?p=1848"},"modified":"2018-04-14T03:19:47","modified_gmt":"2018-04-14T07:19:47","slug":"atansyon-denye-e-kreyol","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/haiti-observateur.org\/?p=1848","title":{"rendered":"Atansyon, d\u00e8nye \u00e8 ! (krey\u00f4l)"},"content":{"rendered":"<p>\t\t\t\t<strong><em>Atansyon, d\u00e8nye \u00e8 !<\/em> GRENN<\/strong>\u00a0<strong>PWONMENNEN<\/strong><\/p>\n<p>Madi 10 avril la, v\u00e8 11 z\u00e8 di maten, Mezon Blanch te anonse ke prezidan Twonp ranvwaje vwayaj vandredi li a nan peyi Pewou, kote li te pral patisipe nan gwo brase lide av\u00e8k l\u00f2t prezidan nan z\u00f2n Amerik la. Selon kominike a, prezidan an okipe fo pa plis av\u00e8k sitiyasyon Lasiri a kote gouv\u00e8nman Bacha al-Asad la (Bashar al-Assad) f\u00e8 youn atak av\u00e8k pwodui\u00a0chimik (pwazon) kont ti bouk ki anba kontw\u00f2l reb\u00e8l yo. Anpil mounn, menm ti mounn, mouri toufe.\u00a0Men gen mounn ki kw\u00e8 ke prezidan ameriken an pran Lasiri k\u00f2m pret\u00e8ks pou l pa rankontre ak Raoul Kastro (Castro), prezidan Kiba a, ki pral nan gwo konferans ki rele <em>Sommet des Am\u00e9riques <\/em>k ap f\u00e8t vandredi ak samdi (13 ak l4 avril) nan Lima, kapital peyi Pewou a. Gen l\u00f2t mounn ki menm di ke Nikola Madouwo (Nicolas Maduro), prezidan Venezwela a, ke Twonp pa vle w\u00e8,\u00a0ka menm debake l\u00f2t b\u00f2 a menm l\u00e8 yo pa envite l. Antouka, yo pa apresye prezidan Twonp ditou nan peyi Lamerik Latin yo ak\u00f2z jan msye derespekte Meksik, Salvad\u00f2 e menm Ayiti. Anplis de sa, otorite Lamerik Latin yo kritike prezidan ameriken an pou politik li kont imigran ki sot nan z\u00f2n Lamerik la.<\/p>\n<p><strong>Nou tout nan gwo mach 20 avril la <\/strong>Se te <strong>20 avril 1990<\/strong>, sa gen 28 an\u00a0ke Ayisyen av\u00e8k zanmi Ameriken yo e l\u00f2t etranje te f\u00e8 <em>Bwouklin Bridj <\/em>la tranble. Jou <strong>20 avril <\/strong>sa am plis pase swasannkenz mil (75 000) mounn te sot Kadmann Plaza <em>(Cadman <\/em><em>Plaza), <\/em>nan Bwouklin, pou trav\u00e8se Pon Bwouklin nan pou yo t al devan nimewo 26 Federal Plaza nan Mannhatann, pou te bay\u00a0FDA <em>(Federal Drug Administra<\/em><em>tion) <\/em>youn leson ke yo te merite.<\/p>\n<p>An palan de sa, Ayisyen te chanje non FDA a ke yo te rele <em>Federal Diskriminasyon Administrasyon. <\/em>De ki prevyen ?<\/p>\n<p>Anpil j\u00e8n Ayisyen ki gen mwens ke trant an (30 ans) ka tande pale de bagay la, men yo pa vr\u00e8man konnen kijan yo te trete Ayisyen l\u00e8 yo te f\u00e8k dekouvri youn vye maladi Ozeta Zini. Se nan ep\u00f2k sa a maladi SIDA a\u00a0<em>(AIDS) <\/em>t ap f\u00e8 ravaj nan peyi a, epi FDA te lonje dw\u00e8t sou 4 gwoup ke yo te bay non <strong><em>\u00ab <\/em>Klib 4 H <em>\u00bb. <\/em><\/strong>FDA te di se yo ki te lak\u00f2z maladi a. M ap oblije bay non yo ann angle paske se konsa n a konprann pouki sa yo te rele gwoup sa yo \u00ab\u00a0<strong>Klib<\/strong><strong> 4 H <\/strong>\u00bb la. Se te \u00ab\u00a0<em>Hom<\/em><em>osexuals, Hemophiliacs, Heroin Addicts and Haitians <\/em>\u00bb. Ou kw\u00e8 nou tande jan yo te mete Ayisyen nan menm gwoup ak omoseksy\u00e8l, emofiliak, s\u00e8tadi mounn ki gen maladi nan san, av\u00e8k eroyin adik, mounn k ap pran dw\u00f2g eroyin ak zegwi nan venn yo.<\/p>\n<p>K\u00f2m se tout Ayisyen FDA te anpeche yo bay san jan yo te konn bay tankou tout l\u00f2t mounn, Ayisyen te santi yo ensilte fo pa plis. L\u00e8 sa a pa t gen ni Milat ni Nwa, pwotestan, katolik osnon vodouwizan, fanm kou gason, tout te f\u00e8 youn s\u00e8l. Tout te met t\u00e8t yo ansanm, yo pa t s\u00e8lman f\u00e8 <em>Bwouklin Bridj <\/em>tranble, men tout lavil Nouy\u00f2k la. Nouv\u00e8l la te gaye nan lapr\u00e8s atrav\u00e8 tout peyi Eta Zini an e menm aletranje kote paw\u00f2l la t ap pale : Ayisyen di yo p ap pran sa nan men FDA. Se derespektan pou mete Ayisyen k\u00f2m s\u00e8l gwoup etnik ki chaje ak SIDA. \u0112ske nou konprann sa sa vle di ? Kote tout Ayisyen te pase yo t ap lonje dw\u00e8t sou yo : Men mounn SIDA yo. Se yo tout ki malad. El\u00e8v ayisyen\u00a0te oblije di yo se Jamayiken, Matinik\u00e8, Gwadloupeyen, Brezilyen oubyen tout l\u00f2t sitwayen nan Karayib la, s\u00f2f Ayisyen. Kanmenm, se pa t fasil pou yo te gen mennaj etranje.<\/p>\n<p>Apre gwo manifestasyon <strong>20 <\/strong><strong>avril <\/strong><strong>1990 <\/strong>la, FDA te f\u00e8 bak. Yo t oblije wete non Ayisyen nan pami \u00ab <strong>Klib 4 H <\/strong>\u00bb yo a. F\u00f2k mwen di nou tou ke pandan Ayisyen t ap manifeste nan Nouy\u00f2k, te gen youn ekip dokt\u00e8 ayisyen, sitou mesye AMHE yo, <em>(Association m\u00e9dicale ha\u00eftienne \u0101 l\u2019\u00e9tranger), <\/em>ki te nan gwo negosyasyon ak FDA nan Wachintonn (Washington) pou montre swadizan syantis \u00f2ganizasyon an ke yo pa t kanpe sou okenn baz syantifik pou yo te klase Ayisyen, youn gwoup etnik, ansanm ak gwoup mounn ki ka soti nan tout nasyon.<\/p>\n<p>Syantis ayisyen youn b\u00f2, Lame ayisyen san zam youn l\u00f2t b\u00f2, lap\u00e8r\u00e8z te anvayi Blan rasis yo. Yo te p\u00e8 pou Aysisyen pa lage nan kraze brize. Se vre ke premye gwo manifestasyon an te f\u00e8t av\u00e8k l\u00f2d e resp\u00e8. Se slogan yo t ap voye monte a wot vwa kont <em>Federal Diskriminasyon Administrasyon\u00a0 ! <\/em>\u00ab <em>Aba\u00a0 tout rasis <\/em>\u00bb,<\/p>\n<p>\u00ab\u00a0<strong>Aba tout <\/strong><strong>diskriminasyon <\/strong><strong>! <\/strong>\u00bb Men gen otorite b\u00f2 isit ki swa yo te w\u00e8 osnon te tande sa Ayisyen ann Ayiti te renm\u00e8t an 1986, s\u00e8lman kat ane\u00a0 avan, l\u00e8 yo te leve\u00a0kanpe pou met Jan-Klod Divalye (Jean-Claude Duvalier) at\u00e8. Se pa t jw\u00e8t timounn l\u00e8 Ayisyen te montre yo ka mobilize plis pase 75 mil mounn pou anvayi anba lavil Nouy\u00f2k la, z\u00f2n lajan an. Si m te yo, mwen t ap f\u00e8 menm jan an tou. Kouri ba yo legen anvan yo met dife nan <em>Wall Street, <\/em>anvan y al dechouke gwo bilding e montre k\u00e8k Blan rasis sa yo peze. Natir\u00e8lman, si bagay yo te gate tout bon vre t ap gen batay ak lapolis, menm ak twoup Lame. Men se t ap youn rivy\u00e8 san ki ta koule pou anyen, paske desizyon FDA a pa t kanpe sou okenn baz syantifik. Epi Eta Zini pa t pare non plis pou akizasyon lemonn antye si, pa mal\u00e8, bagay yo te tounen my\u00e8l.<\/p>\n<p>Oke ! Youn l\u00f2t <strong>20 avril <\/strong>pral f\u00e8t nan s\u00e8lman 2 senmenn. F\u00f2k Ayisyen tout koul\u00e8, tout relijyon, fanm kou gason, sitou j\u00e8n yo, pare pou pran lari. Fwa sa a, menm jan ak 1990, gen otorite b\u00f2 isit ki ensilte Ayisyen. Fwa sa a se\u00a0pi gwo ch\u00e8f nan Eta Zini an, prezidan peyi a menm, ki te deklare\u00a0\u00ab tout Ayisyen gen SIDA &#8211;\u00a0<em>AIDS <\/em>\u00bb. Se prezidan an menm ki di Ayiti se youn peyi twou k.k., peyi latrin ! Eskize m d\u00e8ske mwen lage paw\u00f2l la konsa sou nou. Men si prezidan gwo peyi sa a pa wont pou l kite nenp\u00f2t paw\u00f2l sal sot nan bouch li, m oblije bay bagay la jan l te bay li a. Wi\u00a0mezanmi, n oblije f\u00e8 bak tounen jouk nan lane 1990 pou nou jwenn f\u00f2s, enspirasyon, pou n aji menm jan Ayisyen te aji l\u00e8 yo te ensilte nou. Se menm san Ayisyen an k ap koule nan venn nou\u00a0! Nou pa ka kite nenp\u00f2t sa l ye a konprann li ka trennen nou nan labou nenp\u00f2t ki fason. Ayisyen\u00a0toupatou, leve\u00a0 kanpe pou nou\u00a0bay z\u00f2t youn leson, menm jan\u00a0nou te f\u00e8 l la gen 28 an de sa.<\/p>\n<p>Epi se pa s\u00e8lman pou jan prezidan an derespekte nou an nou pral manifeste. Nou pral f\u00e8\u00a0<em>Bwouklin Bridj <\/em>tranble ank\u00f2 pou mounn TPS yo <em>(Temporary Protected Status) <\/em>ak j\u00e8n mounn <em>DACA <\/em>yo. K\u00f2m nou konnen, prezidan ameriken an bay Ayisyen TPS yo jouk mwa jiye 2019 anvan l mande pou yo deg\u00e8pi tounen Ayiti, youn peyi kote sitiyasyon an malouk fo pa plis. Gen anpil timounn ki f\u00e8t isit nan mounn ki gen TPS yo. Kisa ki pral rive ak fanmi sa yo ? \u0112ske prezidan an pa gen k\u00e8 ki f\u00e8 l ap pare pou separe manman, papa ak pitit yo ? \u0112ske l pa konnen kijan sitiyasyon Ayiti t\u00e8lman mal ke youn bann j\u00e8n ap kite peyi a pou y al Chili, Brezil e menm trav\u00e8se an Repiblik dominik\u00e8n al d\u00e8y\u00e8 lavi miy\u00f2 ?<\/p>\n<p>Menm bagay la tou pou j\u00e8n mounn <em>DACA <\/em>yo ki te vin Ozeta Zini ak paran yo pandan yo te timounn tou piti. Yo elve isit, gen ladan yo ki diplome nan lise e men nan kol\u00e8j ak iniv\u00e8site. Gen k ap travay nan k\u00e8k branch ki enp\u00f2tan anpil pou peyi a. S\u00e8l peyi yo konnen se Eta Zini. Epi pou prezidan an di f\u00f2k yo tounen nan peyi kote papa yo ak manman yo te soti, peyi ke yo pa janm konnen. Pafwa yo pa menm pale lang nan ank\u00f2, osnon si yo pale l se ak gwo aksan angle. \u0112ske k\u00e8 prezidan sa a se youn k\u00e8 f\u00e8 ? Enben nou pral f\u00e8 <em>Bwouklin<\/em> <em>Bridj <\/em>tranble nan dat <strong>20<\/strong> <strong>avril<\/strong> k ap vini an pou nou bay mesye a youn leson, menm jan l\u00f2tAyisyen yo te f\u00e8 sa nan lane 1990.<\/p>\n<p>Kounnye a pa gen 2 MACH k ap f\u00e8t, jan nou te tande a. Se youn s\u00e8l MACH. Te gen 2 gwoup ki t ap travay sou MACH pou menm jou a, men m\u00e8kredi swa senmenn pase a, 28 mas la, reprezantan 2 gwoup yo te reyini nan biwo \u00ab<em>Assemblymember <\/em>\u00bb Rodniz Bich\u00f2t (Rodneyse Bichotte), nan Bwouklin, e yo antann yo pou gen youn s\u00e8l\u00a0MACH. Tout mounn pral reyini nan <em>Grand Army Plaza<\/em>. Nou ka pran tren nimewo 2 ak 3, desann nan stasyon <em>Grand <\/em><em>Army Plaza. <\/em>Si nou nan Bwouklin, se bis nimewo 41 an ki pase <em>Grand Army Plaza. <\/em>Depi v\u00e8 9 \u00e8 di maten\u00a0el\u00e8v ayisyen epi nan travay nou. Se <strong>Mobilizasyon <\/strong><strong>genneral.<\/strong> Pale ak b\u00f2s nou, di yo n ap pran jou a <em>off. <\/em>El\u00e8v ka pran jou a <em>off <\/em>tou<em>.<\/em><\/p>\n<p>Nou pral ekri youn l\u00f2t paj nan istwa p\u00e8p ayisyen an. F\u00f2k nou tout pote kole, f\u00e8 t\u00e8t ansanm, pou nou f\u00e8 yo respekte Ayisyen, kit se prezidan osnon sitwayen \u00f2din\u00e8\u00a0jou vandredi a, n ap koumanse reyini pou nou deplase a 10 z\u00e8. Nou pral mache desann sou <em>Flatbush Avenue, <\/em>rive sou <em>Tillary, <\/em>kote n ap vire ag\u00f2ch pou n al pran wout <em>Bwouklin Bridj <\/em>la pou n antre <em>Mannhatann. <\/em>Anvan <strong>20 avril <\/strong>la nou pral resevwa plis enf\u00f2masyon. Men nou menm ki gen tout enf\u00f2masyon sa yo se pou n lage paw\u00f2l la dey\u00f2 a, nan legliz, nan lek\u00f2l kote ki gen anpil.<\/p>\n<p>Nou pa pitimi san gad\u00f2, jan paw\u00f2l la di. Youn p\u00e8p ki te batay kont Blan angle ak pany\u00f2l epi ki te bat Lame franse Napoleyon Bonapat la (Napol\u00e9on Bonaparte) pou nou te deklare Premye\u00a0Repiblik nwa sou lat\u00e8, nou kapab f\u00e8 listwa ank\u00f2. <em>YES, WE CAN ! <\/em>WI, NOU KAPAB ! Se nan INITE nou te rive f\u00e8 tou sa. Nou pa ka \u00a0bliye \u00a0<strong>l\u2019UNIoN<\/strong> \u00a0<strong>FAIT<\/strong> \u00a0<strong>LA<\/strong> <strong>FORCE.<\/strong><\/p>\n<p><strong>Grenn Pwonmennen<\/strong><\/p>\n<hr \/>\n<p>l\u2019original de cet article se trouve en <strong>P. 6 <\/strong>de l\u2019\u00e9dition du 11 mars 2018 et le lien PDFest :\u00a0<a href=\"http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/04\/H-O-11-April-2018.pdf\">http:\/\/haiti-observateur.ca\/wp-content\/uploads\/2018\/04\/H-O-11-April-2018.pdf<\/a>\t\t<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Atansyon, d\u00e8nye \u00e8 ! GRENN\u00a0PWONMENNEN Madi 10 avril la, v\u00e8 11 z\u00e8 di maten, Mezon Blanch te anonse ke prezidan Twonp ranvwaje vwayaj vandredi li a nan peyi Pewou, kote li te pral patisipe nan gwo brase lide av\u00e8k l\u00f2t prezidan nan z\u00f2n Amerik la. Selon kominike a, prezidan an okipe fo pa plis av\u00e8k sitiyasyon Lasiri a kote gouv\u00e8nman Bacha al-Asad la (Bashar al-Assad) f\u00e8 youn atak av\u00e8k pwodui\u00a0chimik (pwazon) kont ti bouk ki anba kontw\u00f2l reb\u00e8l yo. Anpil mounn, menm ti mounn, mouri toufe.\u00a0Men gen mounn ki kw\u00e8&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":1830,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":[],"categories":[48,23,29,33,41],"tags":[203,248,395,402,587,604,762,831,838],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/1848"}],"collection":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=1848"}],"version-history":[{"count":0,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/1848\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/1830"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=1848"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=1848"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/haiti-observateur.org\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=1848"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}